Add parallel Print Page Options

Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman final la. Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.

Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo.

Read full chapter