Add parallel Print Page Options

Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo. Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”

10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt.

Read full chapter