Add parallel Print Page Options

Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”

10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[a] menm wout ak Balam,[b] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[c] te fè.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:11 Kayen Gade nan Jen 4:1-16.
  2. 1:11 Balam Gade nan Nb 25:1-4; 31:16.
  3. 1:11 Kore Gade nan Nb 16:1-40.