Jòb 15-21
Haitian Creole Version
15 ¶ Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.
3 Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
4 Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
5 Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.
6 Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.
7 Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
8 Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
9 Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.
12 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!
13 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.
14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.
16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
17 ¶ Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
18 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.
19 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.
20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.
23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.
25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.
27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!
28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.
29 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.
30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.
31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.
33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.
34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.
16 ¶ Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
6 ¶ Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.
7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.
8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!
10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.
12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.
14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.
15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.
17 ¶ Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.
21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.
22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.
17 ¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.
2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.
3 Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.
4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.
5 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.
6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!
7 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!
8 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
10 ¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.
12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.
14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?
18 ¶ Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!
3 Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?
4 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
5 ¶ Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò.
6 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.
7 Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
8 Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'.
9 Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere.
10 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.
11 ¶ Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.
12 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.
13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'.
14 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò.
15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.
16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.
17 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.
18 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.
19 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.
20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.
21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.
19 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 -Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
3 Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?
4 Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
5 Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.
6 Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen.
7 Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.
8 ¶ Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.
9 Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.
10 Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.
11 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.
12 Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen.
13 Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
14 Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.
15 Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.
16 Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'.
17 Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'.
18 Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.
19 Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.
20 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
21 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
22 Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou?
23 ¶ Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,
24 pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!
25 Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
26 Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.
27 Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,
28 paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?
29 Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.
20 ¶ Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
2 -Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.
3 Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.
4 Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
5 mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
6 Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
7 y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
8 Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
9 Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
10 ¶ Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
11 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
12 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
13 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.
14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.
15 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.
17 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
18 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.
20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.
21 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
23 ¶ Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.
25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.
26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.
28 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
29 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.
21 ¶ Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2 -Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a!
3 Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!
4 Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò!
5 Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch.
6 Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.
7 ¶ Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?
8 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.
9 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.
10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.
11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.
12 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.
13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
14 Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
15 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?
16 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.
17 ¶ Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,
18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?
22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?
23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.
25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.
26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
27 ¶ Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.
28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?
30 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?
32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.
33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.
34 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.