Add parallel Print Page Options

Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an. Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja.

Read full chapter