Add parallel Print Page Options

Nou di l mèsi paske nou tande pale de lafwa nou genyen nan Jezi ak lanmou nou genyen pou tout moun ki moun pa Bondye yo. Lafwa sa a chita sou espwa nou pral resevwa, sa Bondye te pwomèt nan Bòn Nouvèl la, mesaj Pawòl verite a. Tout sa nou espere yo, Bondye ki nan syèl la pwoteje yo pou nou deja. Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.

Read full chapter