Font Size
Kolosyen 2:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kolosyen 2:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo lavi n ap mennen an soti nan Kris sèlman
16 Depi lè sa a, pèsonn pa gen dwa jije nou sou sa n ap manje oubyen sou sa n ap bwè, sou jou fèt yo, sou zafè nouvèl lin, oubyen sou kesyon saba: 17 tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. 18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[a] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè.
Read full chapterFootnotes
- 2:18 patisipe nan adorasyon anj yo Oubyen “adorasyon anj yo”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International