Add parallel Print Page Options

17 tout bagay sa yo se te lonbray sa ki te gen pou vini. Men sa ki reyèl la se nan Kris li ye. 18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[a] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. 19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:18 patisipe nan adorasyon anj yo Oubyen “adorasyon anj yo”.