Add parallel Print Page Options

18 Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo.[a] Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè. 19 Kris se tèt la, men yo pa konekte nan li. Poutan se tèt la ki bay kò a sa l bezwen. Grenmesi tèt la, tout jwenti yo ak tout venn yo travay pou kenbe kò a byen anfòm. Epi se Bondye ki fè yo fè kò a grandi.

20 Nou se moun ki mouri ak Kris. Fòs ki nan mond lan pa vo anyen pou nou. Poutan n ap viv tankou moun ki nan lemonn toujou. Pou kisa se bann règ sa yo k ap gide lavi nou?

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:18 patisipe nan adorasyon anj yo Oubyen “adorasyon anj yo”.