Font Size
Kolosyen 3:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kolosyen 3:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li. 4 Kris se lavi nou kounye a. Lè Kris retounen, n ap parèt ansanm avèk li, epi n ap patisipe nan glwa li. 5 Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International