Add parallel Print Page Options

15 Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.

16 Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.

Read full chapter