Add parallel Print Page Options

34 Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.”

35 Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. 36 Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent.

Read full chapter