Add parallel Print Page Options

12 Oubyen si l ta mande w yon ze, ou t ap ba l yon eskòpyon alaplas ze li mande w la? Ou pa t ap fè sa. 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)

14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa.

Read full chapter