Add parallel Print Page Options

13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)

14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[a] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:15 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. Se menm bagay nan vèsè 18 ak 19.