Add parallel Print Page Options

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-30; Mak 3:20-27)

14 Yon lè, te gen yon moun ki gen yon denmon sou li ki te fè l bèbè. Jezi chase denmon an sou nonm nan. Lè denmon an te soti, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa. 15 Men, te gen kèk moun ki te di: “Se Satan,[a] chèf demon yo, ki ba li pouvwa pou l chase demon. Satan se chèf tout demon yo.”

16 Gen lòt menm ki te vle pran l nan pyèj. Yo mande l pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:15 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. Se menm bagay nan vèsè 18 ak 19.