Add parallel Print Page Options

21 Lè yon nonm vanyan byen ame ap veye kay li, tout byen l yo ki nan kay la an sekirite. 22 Men, sipoze yon lòt ki pi vanyan pase l vin atake l. Sa k pi vanyan an ap ranpòte laviktwa sou li. L ap pran zam li yo ki te garanti sekirite kay la, apre sa, l ap separe byen nonm nan jan l pi pito.

23 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:23 Yon moun … ap gaye Literalman, “Nenpòt moun ki rasanble ansanm ak mwen se gaye l ap gaye.”