Add parallel Print Page Options

26 Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan.

Moun Bondye beni yo

27 Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.”

28 Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”

Read full chapter