Add parallel Print Page Options

Se pou nou toujou tou pare

(Mat 24:42-44)

35 Se pou nou toujou tou pare ak rad nou sou nou epi ak lanp nou limen nan men nou. 36 Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. 37 Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje.

Read full chapter