Font Size
Lik 12:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 12:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Mat 10:28-31)
4 Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. 5 M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.
6 Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International