Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon fi ki te malad yon jou saba

10 Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. 11 Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. 12 Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!”

Read full chapter