Add parallel Print Page Options

13 Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye.

14 Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou saba a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou saba a.”

15 Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou saba a?

Read full chapter