Font Size
Lik 13:32-34
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 13:32-34
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
32 Jezi reponn yo: “Al di chat mawon[a] yo rele Ewòd la m ap chase denmon, m ap geri malad jodi ak demen. Sou twazyèm jou a, m ap fin fè travay mwen. 33 Apre sa, mwen prale, paske li pa nòmal pou yon pwofèt mouri deyò lavil Jerizalèm.
34 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle!
Read full chapterFootnotes
- 13:32 chat mawon Literalman, “rena”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International