Add parallel Print Page Options

Apre sa Jezi di yo: “Sipoze youn nan nou la a ta gen yon pitit gason l osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi nan jou saba a, ou t ap retire l nan pi a menm lè a, pa vre?” Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be.

Pa pran pòz enpòtan w

Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a.

Read full chapter