Add parallel Print Page Options

20 Apre sa, li leve li tounen lakay papa l.

Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li. 21 Pitit gason an di: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou.

22 Men, papa a di sèvitè l yo: Fè vit, vini ak pi bèl rad la, mete l sou li. Vini ak yon bag pou met nan dwèt li ansanm ak sandal pou met nan pye l.

Read full chapter