Font Size
Lik 16:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 16:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[a] anmenmtan.”
Lalwa Bondye a pa ka chanje
(Mat 11:12-13)
14 Farizyen yo t ap koute tout sa Jezi t ap di yo. Men, yo te pase Jezi nan betiz paske yo menm yo renmen lajan. 15 Men Jezi di yo: “N ap fè tèt nou pase pou moun k ap fè sa ki dwat devan je moun, men Bondye konnen vrè panse ki nan kè nou. Sa moun panse ki gen enpòtans bay Bondye degoutans nan kè li.
Read full chapterFootnotes
- 16:13 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International