Font Size
Lik 16:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 16:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Laza t ap byen renmen manje ti moso ki t ap tonbe soti sou tab nonm rich la. Menm chyen te konn ap vin niche maleng yo sou kò Laza.
22 Se konsa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[a] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[b] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International