Add parallel Print Page Options

22 Se konsa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram,[a] pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li. 23 Pandan nonm rich la te kote mò[b] yo ye a, nan mitan soufrans li, li voye je li, li wè Abraram byen lwen ansanm ak Laza chita nan plas donè bò kote l, nan yon fèt. 24 Lè sa a, li rele byen fò, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen. Tanpri, voye Laza vin tranpe pwent dwèt li nan yon ti dlo pou l mete sou lang mwen, paske se pa ti soufri m ap soufri nan flanm dife sa a!

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:22 plas … Abraram Literalman, “nan bra Abraram”, sa vle di yon plas donè nan yon gwo fèt nan wayòm Bondye a ki gen pou vini an, dapre sa ki ekri an Mat 8:11.
  2. 16:23 kote mò Literalman, “Hades”.