Add parallel Print Page Options

Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble.[a] Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80).

Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”

Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:7 sak ble Mo Grèk la korous, li soti nan lang Ebre cor, se yon kantite anviwon 58 galon oubyen 220 lit konsa.