Add parallel Print Page Options

Laveni Wayòm Bondye a

(Mat 24:23-28,37-41)

20 Apre sa, kèk nan Farizyen yo mande Jezi: “Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?”

Jezi reponn, li di: “Wayòm Bondye a p ap vini nan yon fason nou ka obsève davans. 21 Moun p ap ka di men l bò isit, ni men l bò lòtbò, paske Wayòm Bondye a la nan mitan nou.”

22 Apre sa, Jezi di disip yo: “Gen yon tan k ap vini kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit Lòm nan, men nou p ap ka wè l.

Read full chapter