Add parallel Print Page Options

23 Moun pral di: Ey men l bò lòtbò, osinon, men l bò isit. Pa okipe pèsonn. Rete kote nou ye a. Pa soti al nan chache anyen.” 24 Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se konsa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an. 25 Men, anvan sa rive, Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil move tretman. Moun alèkile yo ap rejte li.

Read full chapter