Font Size
Lik 18:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 18:29-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
29 Jezi di yo: “Anverite, mwen di nou, tout moun ki kite kay yo, madanm yo, frè yo, paran yo, osinon pitit yo poutèt Wayòm Bondye a, 30 y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.”
Jezi pale sou lanmò li ankò
(Mat 20:17-19; Mak 10:32-34)
31 Apre sa, Jezi pran douz (12) disip li yo apa li di yo: “Men n ap monte Jerizalèm kounye a, se la tout sa Bondye te di pwofèt yo ekri konsènan Pitit Lòm nan pral akonpli.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International