Add parallel Print Page Options

44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)

45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon.

Read full chapter