Font Size
Lik 21:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 21:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
6 “Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”
7 Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”
8 Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[a] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.
Read full chapterFootnotes
- 21:8 Mesi a Literalman, “se moun nan”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Lik 23:35, Mat 24:5 ak Mesi epi tou nan tout liv sa a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International