Font Size
Lik 23:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 23:34-36
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[a]
Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”
36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè.
Read full chapterFootnotes
- 23:34 Jezi di … ap fè a Gen kèk ansyen maniskri levanjil Lik la ki pa gen pawòl sa yo ladan yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International