Add parallel Print Page Options

35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”

36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.”

Read full chapter