Add parallel Print Page Options

Pilat voye Jezi bay Ewòd

Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou[a] nan Jerizalèm lè sa a.

Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:7 kèk jou Sa vle di jou selebrasyon fèt Pak la yo.