Add parallel Print Page Options

Konsa, li te ale nan tout rejyon an toudebò larivyè Jouden an ap preche. Li t ap di moun yo “Vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a:

“Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a:
Prepare chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devan l.
Tout vale yo gen pou konble,
    tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat.
Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat,
    epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa.

Read full chapter