Add parallel Print Page Options

Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fini, li te vin grangou anpil.

Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”

Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Det 8:3.