Add parallel Print Page Options

37 Konsa, pawòl la te gaye nan tout vil ak vilaj yo nan rejyon an.

Jezi geri bèlmè Simon Pyè a

(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)

38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[a] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:38 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan 5:3, 4, 5, 10.