Add parallel Print Page Options

Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”[a]

Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Det 8:3.