Font Size
Lik 4:40-42
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 4:40-42
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri yon bann lòt malad
(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)
40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Mak 1:35-39)
42 Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International