Add parallel Print Page Options

13 Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm lèp la disparèt sou li. 14 Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou.[a] Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”

15 Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:14 Ale fè prèt la wè ou Lalwa Moyiz di yon prèt te dwe deside ki lè yon moun ak maladi po te geri.