Font Size
Lik 5:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 5:15-17
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
15 Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo. 16 Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.
Jezi geri yon nonm paralize
(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)
17 Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International