Font Size
Lik 5:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 5:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
18 Se konsa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. 19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20 Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International