Add parallel Print Page Options

23-24 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

25 Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”

Read full chapter