Add parallel Print Page Options

14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!” 15 Menm kote a, jèn nonm ki te mouri a leve chita epi li kòmanse pale. Jezi remèt li bay manman li.

16 Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”

Read full chapter