Add parallel Print Page Options

20 Mesye yo vini kote Jezi epi yo di li: “Janbatis voye nou vin poze w kesyon sa a: Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”

21 Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò. 22 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la.

Read full chapter