Add parallel Print Page Options

35 Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan pitit li yo.”

Jezi ak yon fi ki t ap mennen movèz vi

36 Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje.

37 Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè.[a] Boutèy la te plen pafen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:37 wòch ki te gen anpil valè Literalman, “alabastè”. Se te yon kalite wòch ki te byen bèl yo te konn fè twou ladan l pou fè l sèvi kòm boutèy.