Add parallel Print Page Options

39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”

40 Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.”

Simon di li: “Pale non, Mèt.”

41 Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud.

Read full chapter