Add parallel Print Page Options

44 Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. 46 Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m.

Read full chapter